Konbit Patriyotik Pou Ayiti Chanje

Konbit pou Ayiti

Men nan men, nou travay ansanm pou rebati peyi nou, retabli espwa, epi konstwi yon avni ki pi solid pou tout moun.

Souverènte & Sekirite

Pwoteje nasyon nou, defann fwontyè nou, epi garanti yon avni ki estab pou Ayiti.

Relans Ekonomik

Envesti nan tè nou, talan nou ak endistri nou pou asire pwosperite Ayiti.

Nouvèl

Kominike Ofisyèl KONPAC

Fas ak kriz plizyè dimansyon k ap frape Ayiti, KONPAC lanse yon apèl pou disiplin, inite nasyonal ak yon mobilizasyon patriyotik pou retabli diyite pèp ayisyen an.

Premye Asanble Jeneral Konstititif

Nan dat 18 fevriye 2026, KONPAC te òganize premye Asanble Jeneral Konstititif li, ki make ofisyèlman nesans mouvman patriyotik la.

Mobilize epi Rasanble

KONPAC angaje l pou mobilize tout fòs vivan nan nasyon an, an Ayiti kou nan dyaspora a, pou bati yon inite nasyonal solid. Avèk lespri konbit la, nou rasanble sitwayen, jèn, pwofesyonèl ak patriyòt bò kote yon pwojè komen pou refonde Leta a epi rebati peyi a.

Antre nan mouvman Konpac la jodi a!

Ann bati ansanm yon Ayiti ki pi fò, ki pi jis, epi ki pi pwospè pou jenerasyon k ap vini yo.

 

✅ Patisipe nan chanjman peyi a     ✅ Participer à la vie citoyenne 

✅ Sipòte pwojè devlopman lokal yo  ✅ Antre nan kominote angaje sa

"Lavni Ayiti depann de angajman nou jodi a. Ansanm, nou kapab rebati nasyon an."

Scroll to Top